Medicaid / MMA-
Rezilta sondaj enskri yo

Kouvèti Swen Sante pou Manm ki gen Medicaid Florid

Sondaj sou Manm

Nou vle manm nou yo kontan ak nou ak swen yo resevwa nan men founisè nou yo. Manm yo ka rele oswa ekri nou nenpòt ki lè.

Nou ofri tou yon sondaj ki fè pati yon pwojè nasyonal Komite Nasyonal pou Asirans Kalite (NCQA). NCQA nan yon gwoup ki pa gen pwofi. Yo ede moun aprann plis sou plan swen sante.

SPH Analytics se yon konpayi rechèch endepandan. Yo ede nou fè sondaj la. Se sèlman anplwaye SPH Analytics ak NCQA ki wè repons sondaj yo. Anba a se rezilta dènye sondaj nou an pou granmoun ak timoun.